Overblog
Editer la page Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Benson-beaux arts

L'art est ma vie et je suis très passionné par l'art !!!

Ma biographie

Ma biographie

Mwen fet 16-04-1988 nan lavanneau jakmel, sidès ayiti.

Mwen se yon atis peintre et sculpteur !!! mwen atis depi mwen te tou piti, manman mwen di mwen depi mwen te gen 3 an li te dekouvri yon sans atistik nan mwen, li te konnen rele mwen Manius2 , Manius se te gran papa e se te yon atis ayisyen li te ye tou.

Mwen fet nan yon fanmi atis grann ak gran papa mwen se te atis yo te ye, le mwen te gen sizan mwen patisipe yon konkou desen ki te nan lakomine jakmel pou tout timoun, mwen jwenn yon valis ak 5 liv desen e 2 bwat kreyon desen kom kado. Nan ane 1998 le sa mwen te gen dizan mwen te komanse fe kap papye fen ak kap banbou se te pasyon mwen, nan ane 2000 mwen te dizwitan mwen konmanse fe tyatya e flit e mwen te konnen fe desine chapo pay pou mwen te vann ak etranje ki soti toupatou nan mond lan, yo antre an ayiti pou te vizite basen ble jakmel.

An 2002 mwen te gen katozan mwen komanse fe skilti an bwa e an zo, an 2003 mwen te gen kenzan mwen te komanse fe penti san gid peson e san reg, nan ane 2004-2005 mwen te renkontre avek Lamitie Marc-arthur yon gran plastisyen ayisyen ki déjà fe nom li an ayiti e aletranje, li komanse aprann mwen fe skilti e penti sou nom akademik e li ankouraje mwen pou mwen ale nan yon lekol art.

Nan ane 2012 mwen antre nan FOSAJ pou mwen pefektyone, FOSAJ ki se yon lekol art an ayiti. Mwen patisipe nan anpil fomasyon sou teknik akademik ak plizye profese ayisyen ki déjà fe renome an ayiti e aletranje ex : MARC-ARTHUR Lamitie – Luckner Candio- Vady Confident- Garry baldy- pierrot Clerisson.

Mwen patisipe tou nan anpil fomasyon ak profese etranje ex : Jn Paul Gural li se yon Canadye e li se profese desen- Soyong Lee- li se koreyene li se profese penti- Lorene Garric li fransez e li se profese desen e teknik akademik- Amelie Jan li se fransez e li se profese enfomatik ( kreye rezo )

Mwen partisipe nan plizye espozityon depi 2004 a 2012 EXPO ALBANO PLAGE ki fet chak premye me nan JAKMEL e mwen patisipe tou nan EXPO MODER SCHOOL depi 2010 a 2013.

Stil twal mwen se imajine-enpresyonis-sireyalis !

Se sel profesyon mw renmen anpil, chak fwa m’ap fe yon ev atistik mwen santi nanm mwen ki te mond sa, e nanm mwen vwayaje nan yon lot mond espirityel e imanis, se sel kote’m se le m’ap kreye, mwen santi gen anpil fos le sa, e mwen fye anpil paske’m se yon atis

Pibon distaksyon’m se le m’ap kreye !

Partager cette page
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :